Avek èd ou, nap genyen batay sa a.

Nou tout dwe pran mezi sa yo.

Wash your hands frequently.

Lave men nou souvan ak savon ak dlo pou omwen 20 segonn – espesyalman lè ou sòti nan yon plas piblik, oswa lè ou ta finn mouche nen w, touse oswa estènye.

Wear a Mask.

CDC sijere ke moun mete mask lè yo nan piblik, espesyalman kote ke li yon ti jan difisil pou kenbe ak mezi rete lwen lot moun nan.

Practice social distance.

Rete lakay ou tout lè li posib. Si li ta nesesè pou ou sòti, CDC rekòmande pou rete omwen 6 pye lwen lòt moun ki pa rete nan menm kay avek ou, ke li te andedan oswa deyò.



Pou plis enfòmasyon sou kisa ou kapab fè pou pwoteje tèt ou, fanmi ou ak kominote w kont viris COVID-19 la, ale li konsèy CDC sou zafè prekosyon yo. Sonje, prekosyon sove lavi moun.

Ale Gade Règleman CDC

Chache konnen ki kote w ka jwenn swen pou COVID-19.

Mild Symptoms

Ak sentòm ki leje, tankou yon ti lafyèv oswa tous, ou dwe rete lakay ou, pran repo, bwè anpil likid epi kontaktè yon doktè sou entènèt oswa pa telefòn.

Moderate Symptoms

Ak sentòm modere yo, tankou gwo lafyèv, souf kout, kontakte doktè w la oswa ale nan yon klinik ijans touswit.

Severe Symptoms

Ak sentòm grav tankou difikilte respire, doulè oswa presyon nan kòf lestomak ou, konfizyon, ou paka kenbe je w louvre oswa po bouch ou chanje koulè e vinn ble, rele 911 oswa fè vit ale nan sal ijans nan lopital.

Ijans medikal ki pa gen anyen a wè ak Covid-19


Si w ta genyen yon ijans medikal ki ta serye, pa ezite rele 911 oswa ale nan sal ijans nan lopital ki pi pre w la. Li enpòtan pou w toujou chache swen medikal pou nenpòt ki maladi oswa blesi ki grav.

Ou dwe konnen ke yo pa trete pasyan ki gen viris COVID-19 lan menm kote ak pasyan ki pa gen viris la.

Li plis pase enpòtan koulye a pou nou kontinye fè prevansyon epi jere pwoblem maladi kwonik nou ta genyen.


Sante w se priyorite pa nou. Grandèt yo ak moun ki gen maladi kwonik tankou opresyon, pwoblem kè ak pwoblèm tansyon, pa egzanp, gen plis ris pou yo gen konplikasyon ak viris COVID-19 la.

Pou yon lis konplè, vizite paj CDC.gov la.

Nou paka gen batay
sa a pou kont nou.

Avek èd ou, nap rive gen batay la.

Baptist Broward Health Cleveland Clinic HCA Jackson Health
Memorial Mount Sinai Nicklaus Children's Steward Florida University of Miami Health System